Skip to content
Zohran for NYC

Zohran Mamdani ap kandida pou Majistra pou diminye kou lavi pou travayè klas mwayèn New York.

Donate
Zohran Mamdani
Open quote

Kanpay sa a se pou chak moun ki kwè nan diyite vwazen yo e ke travay gouvènman an se pou reyèlman amelyore lavi nou.

Close quote
Zohran Mamdani speaking on stage at his "A City We Can Afford" rally
Photo credit: Madison Swart

Rankontre Zohran

Zohran Kwame Mamdani se yon manm Asanble Eta Nouyòk ak sosyalis demokratik ki kandida pou Majistra. Fèt nan Uganda epi grandi nan Vil Nouyòk, li goumen pou klas travayè yo andedan ak deyò lejislati a: li fè grèv grangou ansanm ak chofè taksi pou jwenn plis pase $450 milyon nan soulajman dèt transfòmatif, li genyen plis pase $100 milyon nan bidjè eta a pou ogmante sèvis tren ak yon pilòt otobis gratis, epi li òganize Nouyòkè yo pou defèt yon pwopozisyon plant pouvwa sal. Pri lavi a ap kraze moun k ap travay yo men Zohran kwè ke gouvènman an ka bese depans yo epi fè lavi pi fasil nan vil nou an — li pral itilize tout zouti ki disponib pou bese lwaye a, kreye transpò piblik klas mondyal, epi fè li pi fasil pou elve yon fanmi.

Angaje ou

Vin jwenn Zohran pou NYC

Kanpay sa a se pou pale ak dè milye de Nouyòkè nan tout vil la sou kijan nou ka fè vil sa a mache pi byen pou anpil moun yo epi pa pou yon ti ponyen. E pou fè sa, nou bezwen ou.

Vin patisipe nan yon kanpay kap vini (oswa de!) epi aprann kijan pou gen konvèsasyon pozitif ak moun Nouyòk sou jèl lwaye a, otobis gratis e rapid, gadri inivèsèl ak plis ankò!

Pa bezwen gen eksperyans. Tout moun kòmanse ak yon fòmasyon epi yo pral asosye ou ak yon patnè si ou nouvo nan sa. Nou pa ka tann pou wè ou!

Enskri pou fè volontarya
Zohran for NYC Volunteers fill Terminal 5 at Zohran Mamdani's "A City We Can Win" rally with Alexandria Ocasio-Cortez
Platfòm nan

New York twò chè. Zohran pral bese depans yo epi fè lavi vin pi fasil.

Jele lwaye a.

Yon majorite moun ki rete Nouyòk se lokatè, epi gen plis pase de milyon nan yo ki abite nan apatman ki gen lwaye estabilize. Kay sa yo ta dwe baz sekirite ekonomik pou klas travayè vil la. Olye de sa, Eric Adams pwofite de chak opòtinite pou l mete presyon sou lokatè yo, ak moun li chwazi pou Rent Guidelines Board la ki ogmante lwaye sou apatman estabilize yo pa 9% (e sa kontinye)–sa ki pi plis depi yon Repibliken te nan City Hall.

Kòm Majistra, Zohran ap jèl lwaye a imedyatman pou tout lokatè ki gen lwaye estabilize, epi li pral itilize tout resous ki disponib pou konstwi lojman moun New York bezwen epi pou redwi lwaye a. Rezon nimewo en ki fè fanmi k ap travay yo ap kite vil nou an se kriz lojman an. Majistra gen pouvwa pou chanje sa.

Otobis rapid, san frè.

Transpò piblik la dwe fyab, sekirize epi aksesib pou tout moun. Men, youn nan senk Nouyòkè ap lite pou yo peye pri tikè ki pa sispann monte. Pou ajoute sou sa: otobis vil nou an se pi dousman nan peyi a, sa ki vòlè tan presye travayè yo pou fanmi, lwazi ak repo.

Zohran te genyen premye esè otobis gratis New York la sou senk liy atravè vil la. Kòm Majistra, li pral elimine pèmanan tarif sou chak otobis vil la – epi fè yo pi rapid lè li bati rapidman liy priyoritè, elaji siyal pou otobis depase nan trafik, ak zòn chaje dedye pou anpeche moun ki pak nan dezyèm ranje bloke wout la. Otobis rapid ak gratis pa sèlman pral fè otobis yo fyab ak aksesib, men pral amelyore sekirite pou pasaje yo ak operatè yo – kreye sèvis klas mondyal ke Nouyòkè yo merite.

Depatman Sekirite Kominotè

Tout Nouyòkè merite santi yo an sekirite. Men, administrasyon Adams la pa rive bay sans sekirite ak pwoteksyon ke chak moun ta dwe santi pandan y ap mache nan lari nou yo, ap pran tren anba tè nou yo, oubyen ap pran otobis nou yo. Zohran pral kreye Depatman Sekirite Kominotè pou anpeche vyolans anvan li rive lè l ap priyoritize solisyon ki te toujou montre yo amelyore sekirite. Lapolis gen yon wòl enpòtan pou jwe. Men kounye a, nou ap konte sou yo pou jere echèk nan rezo sekirite sosyal nou an—sa ki anpeche yo fè travay yo reyèlman. Atravè ajans vil sa a ak apwòch entegre gouvènman an, sekirite kominotè ap gen priyorite tankou jan li pa janm te genyen anvan nan NYC. Depatman an pral envesti nan pwogram sante mantal nan tout vil la ak repons kriz—ki gen ladan deplwaye travayè sosyal dedye nan 100 estasyon tren anba tè, bay sèvis medikal nan inite komèsyal vid yo, epi ogmante Anbasadè Transpò pou ede Nouyòkè yo nan vwayaj yo—elaji pwogram prevansyon vyolans ak zam ki baze sou prèv, epi ogmante finansman pou pwogram prevansyon vyolans ki baze sou rayisman pa 800%.Li plis nan NYT, epi pwopozisyon konplè a isit la.

Swen timoun gratis.

Apre lwaye, pi gwo depans pou fanmi k ap travay nan Nouyòk se swen timoun. Sa ap literalman pouse yo kite vil la: Nouyòkè ki gen timoun ki poko gen sis zan ap pati de fwa plis pase tout lòt moun. Chay la tonbe pi lou sou manman yo, ki oblije kite travay peye pou okipe timoun san yo pa touche.

Zohran pral mete an plas gadri gratis pou chak Nouyòkè ki genyen de 6 semèn jiska 5 an, asire yon pwogramasyon de kalite siperyè pou tout fanmi yo. Epi li pral ogmante salè travayè gadri yo – kote yon ka nan yo ap viv nan povrete kounye a – pou yo ka touche menm jan ak pwofesè lekòl piblik yo. Sa pral ankouraje devlopman timoun piti, ekonomize lajan paran yo epi kenbe fanmi nou yo nan vil yo rele lakay yo.

Magazen alimantè ki pou vil la.

Pri manje yo pa gen kontwòl. Prèske 9 sou 10 Nouyòkè di ke pri makèt la ap monte pi vit pase revni yo. Se sèlman moun ki pi rich yo ki pa santi yo pran nan tenay lè y ap peye nan kès.

Kòm Majistra, Zohran pral kreye yon rezo makèt ki se pwopriyete vil la ki konsantre sou kenbe pri yo ba, pa pou fè pwofi. San yo pa bezwen peye lwaye oswa taks sou pwopriyete, yo pral redwi depans yo epi transfere ekonomi yo bay konsomatè yo. Yo pral achte epi vann nan pri an gwo, santralize depo ak distribisyon, epi kolabore ak katye lokal yo sou pwodwi ak apwovizyonman. Avèk Vil New York ki deja depanse milyon dola pou sibvansyone operatè makèt prive yo (ki menm pa oblije aksepte SNAP/WIC!), nou ta dwe reyorante lajan piblik la nan yon vrè “opsyon piblik”.

Lojman pa ak pou Nouyòk.

Nou bezwen anpil plis kay abòdab. Men pandan plizyè deseni, Vil New York te konte prèske sèlman sou chanje kòd zònman pou ankouraje devlopman prive – ak rezilta ki ka pa rive nan nivo gwo pwomès yo. Epi kay ki fin konstwi yo souvan twò chè pou klas travayè ki bezwen li plis la.

Kòm Majistra, Zohran pral itilize lajan piblik nou yo pou travay epi triple pwodiksyon Vil la nan kay abòdab pèmanan, ki bati pa sendika, avèk lwaye estabilize – konstwi 200,000 nouvo inite pandan 10 ane kap vini yo. Nenpòt devlopman 100% abòdab ap gen yon pwosesis akselere: fini ak reta san sans yo. Epi Zohran pral anplwaye ase pèsonèl nan ajans lojman Vil nou an pou nou ka reyèlman fè travay la.

Pou lojman siplemantè nou bezwen an, Zohran pral kòmanse yon Plan Konplè pou Vil Nouyòk pou kreye yon vizyon global pou abòdabilite, ekite, ak kwasans. Planifikasyon sa a pral pèmèt NYC adrese eritaj zònman rasyalman diskriminatwa, ogmante dansite toupre sant transpò yo, elimine obligasyon pou konstwi pakin epi pwaktivman trase avni nou.

Ap mete presyon sou pwopriyetè kay ki pa bon.

Youn nan chak dis kay lokatè rapòte yon mank de chalè ase pandan ivè pase a. Youn nan chak kat rapòte sourit oswa rat nan kay yo. Senk san mil ap viv nan kay ki gen move kalite.

Chak Nouyòkè merite yon kote ki an sekirite epi ki an sante pou yo rele lakay. Se poutèt sa Zohran pral refè Biwo Majistra a pou Pwoteje Lokatè yo epi kowòdone aplikasyon kòd yo anba yon sèl do kay, asire ke ajans yo travay ansanm pou kenbe pwopriyetè yo responsab pou kondisyon bilding yo. Lokatè yo ap kapab pwograme epi swiv enspeksyon ak yon 311 ki amelyore. Si yon pwopriyetè refize fè yon reparasyon, Vil la ap fè li epi voye bòdwo a ba yo. Epi nan ka ki pi ekstrèm yo, lè yon pwopriyetè montre neglijans konstan pou lokatè yo, Vil la ap entèvni desizivman epi pran kontwòl pwopriyete yo. Pi move pwopriyetè yo ap mete deyò nan biznis.

Taks sou gwo kòporasyon yo ak New Yorkè ki pi rich yo

Zohran gen yon plan pou redui pri lavi a atravè magazen alimantè ki posede pa vil la, gadri inivèsèl, ak lòt pwopozisyon odasye, epi li konnen egzakteman kijan pou peye pou li tou. Plan revni Zohran an pral ogmante to taks antrepriz la pou rive nan 11.5% tankou nan New Jersey, sa ki pral pote $5 milya. Epi li pral taksé 1% moun ki pi rich nan Nouyòk yo—sa yo ki genyen plis pase $1 milyon chak ane—yon taks plat 2% (kounye a to taks sou revni vil la se pratikman menm bagay la kit ou fè $50,000 oubyen $50 milyon). Zohran pral tou aplike refòm nan fason pou fè acha ki gen bon sans, mete fen nan kontra san apèl dòf, anboche plis oditè taks, epi sere boulon sou koleksyon amann nan men pwopriyetè kay koripsyon pou leve yon lòt $1 milya.

Repòtaj An Vedèt

The Nation

Zohran Mamdani Wants You to Have More Money in Your Pocket

There’s a reason he resonates with so many New Yorkers, and it’s not just because he’s relatable—he grew up here, almost failed Mandarin class, and got sent to detention one too many times in high school—it’s because he’s straightforward, funny, and sincere. He is the antithesis of politics for show. He has proven to be what many voters now think is impossible: an elected official for the people.

Politico

Mamdani surges in new poll, leading Cuomo for first time in New York mayor’s race

Zohran Mamdani, the young democratic socialist who has been rising in the mayor’s race, is now ahead of Andrew Cuomo with just two weeks until the Democratic primary, a new poll reviewed in full by POLITICO found.

The New York Times

Alexandria Ocasio-Cortez Endorses Zohran Mamdani as Top Choice for Mayor

In elevating the assemblyman, Ms. Ocasio-Cortez, 35, chose the candidate closest to her own mold. Mr. Mamdani, 33, is a leftist representing Queens, a millennial and a person of color who entered the race as a long shot only to jump to second place by igniting grass-roots support with memorable policy proposals and viral videos. His platform echoes the congresswoman’s…He wants to make city buses free, freeze rent increases on rent-stabilized apartments and open city-run grocery stores — all funded by a $10 billion tax hike on businesses and the superrich.

The New York Times

Bernie Sanders Endorses Zohran Mamdani for N.Y.C. Mayor

Sanders said in a statement that Mr. Mamdani was running an “inspirational” campaign and was a “visionary” leader. He praised his plan to tax the wealthy. “Our nation faces a fundamental choice: Will we continue with a corporate-dominated politics driven by billionaires or will we build a grass-roots movement fueled by everyday people, committed to fighting oligarchy, authoritarianism and kleptocracy?” Mr. Sanders said.

The Guardian

‘Working-class New Yorkers are being pushed out of the city they built’: why Zohran Mamdani is running for mayor

In 2021, Mamdani went on a 15-day hunger strike to protest predatory loans that targeted the taxi drivers who purchased “medallions”, the physical certificate required to operate a yellow cab. The city eventually caved and struck a deal with medallion loan guarantors, securing $450m in transformative debt relief for these drivers.

The New York Times

N.Y.C. Grocery Prices Are High. Could City-Owned Stores Help?

A New York City mayoral candidate wants the city to open its own, more affordable grocery stores. The idea has gained momentum in Chicago and other cities.

City & State New York

Mamdani unveils ‘$30 by ‘30’ minimum wage push as part of mayoral campaign

Assembly Member Zohran Mamdani, a Democratic socialist from Queens who is running for mayor, wants to raise New York City’s minimum wage to $30 an hour by 2030.

AMNY

Mayoral hopeful Mamdani proposes building 200,000 new ‘affordable’ homes with city dollars

Mamdani’s multifaceted housing plan… involves the city taking the lead on paying for new housing production rather than private developers. It builds on Mamdani’s marquee housing proposal, which he rolled out when he announced his candidacy last fall: Freezing the rent for all stabilized tenants.

The Nation

Zohran Mamdani Tackles Climate Change and New York City’s Cost-of-Living Crisis

Green Schools for a Healthier New York City is meant, Mamdani said, “to showcase that taking on the climate crisis is also an opportunity to transform the quality of life for working-class New Yorkers, and to do so specifically at the point where so many interact with government the most, which is our public school system.”

Politico

The Democrats Are Losing the Social Media Wars. This Young Socialist Is Changing That.

As Democrats around the country debate moderation, doing nothing or pursuing a politics of abundance — calling for government to stop getting in the way of things like building housing with over-regulation — Mamdani is an example of another path, one that follows in the footsteps of Sanders by lifting up concrete leftist policies toward a social safety net and affordable cost of living.

Slate

The Happiest Democrat in America

A recent surge of glowing profiles and features have underlined the New York state assemblyman’s unlikely No. 2 position in polls for mayor, behind only Andrew Cuomo, the disgraced former governor who leads the race. They tend to point to his acumen online, especially on TikTok—this kind of video is a prime example—and his ambidextrous appeal to different voters despite his unapologetic democratic socialist politics. His fundraising, driven by small donors, has topped $8 million. He is the rare Democrat who is meeting the most stark and uncertain moment in the party’s recent history with a message that’s both urgent and, against all odds, upbeat.

Videyo

Subscribe

* indicates required

By submitting this form and signing up for texts, you consent to receive donation asks and informational messages from Zohran for NYC. Msg & data rates may apply. Msg frequency varies. Unsubscribe at any time by replying STOP. Reply HELP for help. Privacy Policy and Terms.